Daprè dènye nouvèl ki sot tonbe nan zòrey jounalis AlterPresse yo nan lakou pòtoprens UNESCO konte òganize yon woumble entènasyonal sou dwa moun ak istwa peyi Dayiti nan pòtoprens soti 21 pou rive 23 dawout lan. Bwase lide sa ap gen pou dewoule sou tèm « Revolisyon ayisyenn 1804 lan ak dwa moun sou latè ».
Sous : AlterPresse jedi 13 dawout; http://www.alterpresse.org/spip.php?article8631
Nan chita bwase lide sa save ki soti nan kat kwen sou latè pwal gade dwa moun nan lonnvi sosyal, ekonomik, politik, kiltirèl ak filozofik li pandan yo ap eseye fè soti tout sa lit dwa moun sou latè pwan nan revolisyon ayisyen n 1804 lan, daprè sa òganizatè yo di. Woumble sa ap fèt sou woulèt premye minis peyi Dayiti Michèle D. Pierre Louis.
Mak fabrik Revolisyon ayisyen n nan ki se alafwa yon Revolisyon kont separasyon lèzòm an ras, kont blan kolon, kont chen n lesklavaj fè l rete nan listwa limanite sèl Revolisyon ki fè blayi nan nawè tout limanité zafè tout moun se moun nan pa yon rèv chimerik. Pi plis toujou aprè l fin libere tèt li anban blan kolon Ayiti pote sekou ak anpil lèzòt pèp sou latè ki t ap sibi mati anba men kolon blan esklavajis oubyen anba rejim sanginè peze souse soti depi nan zòn amerik lan rive jouk nan peyi Lagrès.
Se tout rezon istorik sila yo dapre menm òganizatè chita pale a ki eksplike se Ayiti k ap sèvi lakou pou fete 60 rekòlt deklarasyon inivèsèl dwa moun yo.
Woumble a ap tanmen pandan 3 jou sou twa sijè kapital sa yo : Sa Revolisyon Ayiti a pote nan lit pou dwa moun sou latè; zafè kretyen vivan nan dewoulman revolisyon ak nan chapant sosyal sosyete ayisyen n nan ; evolisyon dwa moun anndan Ayiti, sou latè avan e apre 1848.
Chita pale sa a k ap gen pou fèt nan lang ayisyen (kreyòl), angle, franse ak panyòl ap fè sijè yon liv tèt kole tout patisipan yo.
Antouka nou men m nan espas ayisyen Toulouse nou espere se pap yon ènyèm chita pale, rale mennen vini milèt pou pèp ayisyen an paske nou konnen byen byen ke mennen kolèv la lekòl se yon men fè l chita se de.