Magazine Humeur

Dr. Dape, nonm ki geri SIDA

Publié le 13 février 2009 par 509
Dr.  Dape, nonm ki geri SIDA
Dr Dapé, nonm ki geri SIDA

Mezami se vre safè lontan mwen pa vin pale ak nou nan espas nou an mwen espere nou pa twò fache ak mwen. Antouka mwen espere nou pa boude m lontan paske mwen pote jodia yon gwo nouvèl pou nou. Wi yon kokenchen nouvel paske l konsènen sante nou tout ki sètoblije toujou gen nawè n byen kale pou veye SIDA jan piblisite lakay la di sa.

San dout anpil nan nou koumanse about ak tout lapwoli sa yo e ap mande kilè nap sispan n pale anpil pou n mete nou nan twavay. E byen konnen mwen dakò ak nou. Men fòk nou pa bliye kèlkelanswa twavay yon moun ap fè li merita apresyasyon.

- Kelkelanswa?

- Wi

- Bayakou tou?

- Wi, kelkelanswa. Doktè, enjenyè, bouretye, potè, elt. Se sèl twavay ki ka pèmèt nou gwandi douvan lòt.

- Bon, an n tounen pou n wè sak gen nan lòj sou zafè SIDA a. Sa sanble pa twò enterese nou.

- Pa twòp men pliske se ou nap fè jefò pou n tande w.

- E pouki si te pat mwen?

- A sensèman nou te deja pati.

- A bon !

- Wi sa fè lontan y ap pen zòrey nou sèlman ak vye nouvèl isit. Genyen men m ki yo geri SIDA, ou tande!

- Oke! mwen konpwan nou. men jisteman sou zafè gerizon sa mwen gen pou m pale nou.

- A bon! Se vre atò!

- Wi se yon bon nouvèl

- Ou wè tibwadis mwen te di w doktè Napo pa tap jwe, mwen te toujou kwè li se yon nonm serye.

- A eskize m men mwen pa vin pale nou de doktè napo

- Alòs se ki ankò Twòp pou tè, Zanfè, depliye.

- O non! ni yon ni lòt. se ni yon ougan ni yon doktè vèy.

- E byen nap koute w.

- Byen, depi kèk jou gen yon nouvèl k ap sikile nan jounal ki di gen yon doktè ki geri maladi SIDA.

- A nou tande blag sa yo chak jou.

- Non, tan n mwen se pa manti.

Se pa men m bagay koze doktè Napo ni doktè vey ou byen ougan ki di sa san yo vle san pa gen prèv lasyans.

- Sa lasyans vin chèche la? se pa men syantifik sa yo ki di ayisyen manke yon kwom...

- A lase sa na gentan fè deba sa yon lòt fwa, an n rete konsantre sou nouvèl doktè Thomas Drape a.

- A, mouche rele drage! Sa l ap drage konsa, maladi, a, a, a.

- Se pa dwage. se D-R-A-P-E

- Oke se pa mwen te manman l.

- Doktè Drape se yon vrè doktè tankou doktè Ari Bòd ou sonje doktè sa?

- Se pa doktè ki nan liv timoun yo ak li chak jou a. ki jan liv sa rele ankò konpè tibwa?

- A konpè ou konnen mwen pa li lafèy se mare ou vle mare pye m.

- Pa di tou, mwen men m tou mwen pa li lafèy men mwen toujou kenbe zòrey mwen byen kanpe lè ti manymany yo ap etidye leson yo.

- A fò n pa bliye konpè Bwa piwo paske se li k gen nouvèl pou nou. Wi, ou tap di konpè?

- A konpè ou konnen sa pa twò deraje m. se toujou yon plezi pou mwen chita tande k ap brase li Li bon anpil pou nou lè nap brase lide konsa se yon mwayen tou pou n apran n yon lòt men m si nou pat fè anpil jou kay koyo ou byen si nou pat jan m tal wè koyo. Al lekòl se pa sèl kle ki louvri pò lakonesans.

- Wi, konsa na koute w nou pa al met ti moun nou yo lekòl se ou ka toujou pote nouvèl vini

- An n pa derape konpè mwen men m tou se nan lakou a mwen te leve la papa m pat pi byen pase pèson n.

- Oke, wap bannou nouvèl la ou non.

- Wè men ou soti pou gate san m la maten an

- Pa fache bwa ou konnen si se ak ou pou fè blag ak kiyès nou pwal fè l ou vle nèg yo kase mouda n.

- Kote m te ye ankò. Wi mwen tap di Doktè Drape jwen n yon gerizon pou maladi SIDA.

- men ou pankò di nou kiyès ki doktè Drape a?

- Dakò. Doktè Drape se yon doktè afriken, peyi l se Kotdivwa. Mouche di li geri SIDA e li bay anpil prèv kel pap rakonte betiz. anpil moun di yo geri SIDA men pa jan m gen yon ki te bay prèv se toujou nan van yo tap pale ou byen sete pa oerasyon du sentespwi.

Men istwa doktè Drape a diferan paske moun li geri a te gen abitid al lopital e tout doktè ak enfimyè te rekonèt mouche gen SIDA aprè yo te fin fè l tout test yo nan lanne 1989.

- A wi tès, tès tankou sa yap fè sou bisantnè! Mwen tande yon seri pawòl kap di sou doktè ak enfimyè sa yo

- Se pa deba a sa konpè na wè sa yon lòt fwa

- Nou tap di mouche ki te gen Sida a geri apre l te fin pase kèk jou lopita kotel te entène apre l te fin fè yon gwav aksidan machin.
Eskeze m selilè m ap sonnen. Alo, oke! mwen sou nou kounye a.
Mesye mwen desole pwochen fwa ma rakonte nou istwa nonm ki geri a paske mouche pa kenbe bagay la pou li sèl li mache rakonte, fè temwanaj li tou pa tou. Annatandan map mande nou pa bese gad nou SIDA toujou la nan pa pòt rantre a l ap tann yon timoman relach.
Kenbe fèm
Nou pwan enfòmasyon sa yo nan yon jounal peyi kotdivwa ki reke Top Visage.Net- Côte d'Ivoire

Retour à La Une de Logo Paperblog

Dossiers Paperblog

Magazine