Literati kreyòl ka pran yon lòt kap

Publié le 06 novembre 2009 par 509

«Le tracé poétique en créole Haïtien des années 70 à nos jours » (cheminman pwezi kreyòl ayisyen an, soti lane 70 yo rive jodi a), se sou tèm sa a ekriven Lyonel Trouillot te prezante yon konferans nan lakou IFH (Institut Français d’Haïti) la, madi 20 janvye 2009 la, vè 6è nan apremidi.
Pou l prezante konferans la, ekriven an te chwazi de atis-plim parèy li mete bò kote l (« pou yo demanti l nan sa l t’a pral di », dapre li). Se te : Georges Castera ak Bonel Auguste.

« Mwen pa vin pale la a ni kòm ekriven, ni kòm kritik literè, men kòm senp lektè », se ak mo sa yo li te demare chita-tande sa a ki te atire yon piblik tout plimay nan lakou Enstiti a. Lyonel Trouillot ki fenk pibliye yon rekèy pwezi kreyòl (Ra gagann, 2008), di li remake jodi a yon vitès nan literati kreyòl la, ki domine literati nan lang franse a (an Ayiti) sou plan kantitatif.
Anvan l retounen sou sa k’ap pase jodi a, otè Zanj nan dlo a te eseye jwenn orijin literati kreyòl sa a, soti nan Choucoune (Oswald Durand, 1896), Pase pran Cric-crac (Georges Sylvain, 1905), pou vin tonbe nan ane 70 yo, kote ekriven ta pral sèvi anpil ak lang kreyòl la nan lide pou yo konbat yon sosyete miwo-miba.
Nan epòk sa yo, pran desizyon pou ekri an kreyòl se te pran pozisyon pou mas pèp la, kont rejim anplas la. Poutèt sa, moun te tonbe nan ekri (kreyòl) anbachal. Se sa ki fè jodi a, gen tèks (tankou Kalinda la pou l bat, Claude Innocent) ki parèt sou plizyè vèsyon, paske, nan epòk yo te premye soti, yo pa t pibliye okenn kote ofisyèlman, e se aloral sèlman moun te pran kontak ak yo. Kidonk, ekriven sa yo, malgre tout move konsekans sa te ka pote, te pran pozisyon kont valorizasyon lang la, ak zèv atistik yo, e sa te kòmanse anrichi lang la.
Akote lòt ekriven militan yo, kèk jèn powèt, tankou Dominique Batraville, Rassoul Labuchin, elatriye, t’ap eseye fè menm travay la sou lang la. Konsa, travay ekriven tankou G. Castera (Konbèlann), Frankétienne (Dezafi), Manno Ejèn… ; desizyon ofisyèl yo te pran sou lang la, tankou dekrè C. Bernard la an 1979 sou ansèyman kreyòl nan lekòl, deklarasyon kreyòl la kòm lang ofisyèl peyi a akote franse nan konstitisyon 1987 la… tout sa patisipe nan chanje figi lang kreyòl la (literati kreyòl la tou) devan je sosyete a jodi a. M. Trouillot te pran egzanp Dominique Batraville ki di li te kouri al ekri an franse lè l te wè pèsonn pa t okipe sa l t’ap ekri an kreyòl (bò ane 80 yo). Poutan, Bonel Auguste ki te pibliye Fas doub lanmò an 2000 pa t kapab di menm bagay la, pliske liv li a te jwenn yon bon akèy nan men lektè epi anpil moun nan klas entèlektyèl la.
Men, pwoblèm Lyonel Trouillot di li idantifye, se dabò absans (oubyen prèske) yon kritik literè pou akonpaye abondans literati kreyòl sa a. Dezyèm pwoblèm nan, se tandans kèk jèn jodi a genyen pou fè yon literati dlo-dlo, san nannan, yon literati pou literati, ki plis chita sou kopyaj kèk gran otè tankou Castera, Frankétienne… olye li ta chita sou yon « entansyon powetik », yon vrè rechèch fòm ak sans. Ekriven an panse, sa rive jèn yo, se paske yo pa chèche konnen orijin literati kreyòl sa a, e tout batay ki te mennnen pou l rive la a jodi a, e tou, kijan li kapab itil sosyete a.
Anvan l te pase kòn nan bay piblik la, Lyonel Trouillot te envite 2 lòt ekriven yo pran lapawòl « pou demanti l ! ».
Georges Castera te deklare l dakò avèk konfrè li a sou tout pwen, sof sou zafè kritik la ; li di paregzanp limenm, plizyè fwa, li akonpaye rekèy li yo ak yon nòt kritik, men pèsonn pa janm di anyen sou sa. Genyen kèk lòt ekriven tankou Jn Claude Charles, ki konn fè kritik enteresan tou, men yo pa konn jwenn ase atansyon…
Kanta Bonel Auguste, li te sèlman raple konferansye a enpòtans yon moun tankou Felix Morisseau-Leroy nan literati kreyòl. Morisseau-Leroy t’ap ekri pwezi (Dyakout), teyat (Ravinodyab)… an kreyòl, nan yon peryòd sa pa t fasil ditou (bò lane 50 yo)
Apresa, se tou pa piblik la ki t’ap poze kesyon adwat agoch ak anpil enterè, anpil (pafwa twòp) emosyon. Deba a te chofe, men fòk li te fini.
Lyonel Trouillot di l panse jodi a, an Ayiti, yon moun kapab ekri an kreyòl sèlman epi sosyete a rekonèt li, bay li merit li kòm ekriven. Sa pa t konsa anvan. Li panse, peyi pare toutbon pou yon literati kreyòl.
Webbs Gaddy Damas
Webby_gaddy@yahoo.fr
Si w ta vle fè yon komantè dirèk ak plimeyant lan ekwi li souple nan adrès imel ki anba atik lan.Yon gwo AYIBOBO pou ou men m zanmi m ki vizite lakou sa pou pwan nouvèl zanmi lakay ak lòt bò dlo.