Magazine Humeur

HAITI Fete son 206e anniversaire d'indépendance

Publié le 02 janvier 2010 par 509
HAITI Fete son 206e anniversaire d'indépendance
Nou ap koube n byen ba jodi a pou n salye tout zanmi Ayiti ak tout ayisyen,ayisyèn k ap fete jou gwan dè majè (endepandans) peyi a nan moman sa. sa fè n mal anpil wè nou deyò e ke n pa kapab patisipe ak yo men nap di yo nou la ak yo,pa lontan nap rantre nan lakou lakay pou blayi lakontantman ak yo.
Pliske se koumansman ane a tou nap pwofite swete larezone ak zanmi Ayiti, tout ayisyen ak ayisyèn alawonbadè.
Bòn Ane 2010 mwen swete bagay yo vin pi bon.

Si n kon chante sa mwen mande nou pou n pwan yon ti tan chante l ak nou, si w pa konnen l se yon okasyon pou w apran n li.
Mèsi anpil pou soutyen nou.
IAT
Souvni D'Ayiti
Pawòl ak Mizik ekwi pa Mouche Dr. Othello Bayard
Ayiti cheri pi bon peyi pase ou nanpwen
Fòk mwen te kite w pou mwen te kap konprann valè w
Fòk mwen te manke w pou m te kap apresye w
Pou m santi vreman tout sa ou te ye pou mwen
Gen bon solèy bon rivyè e bon brevaj
Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj
Gen bon ti van ki bannou bon ti frechè
Ayiti Toma se yon peyi ki mè chè
Lè w lan peyi blan ou gen yon vye frèt ki pa janm bon
E tout lajounen ou oblije ap boule chabon
Ou pakab wè klè otan syèl-la andèy
E pandan si mwa tout pyebwa pa genyen fèy
Lan peyi mwen gen solèy pou bay chalè
Diran lane tout pyebwa ap bay lonbraj
Bon briz de mè toujou soufle sou no plaj
Ayiti Toma se yon peyi ki mè chè
Kon w lan peyi blan ou wè tout figi yon sèl koulè
Lanpwen milatrès bèl marabou, bèl grifonn kreyòl
Ki renmen bèl wòb bon poud e bon odè
Ni bèl jenn nègès ki konn di bon ti pawòl
Lan peyi mwen lè tout bèl moun si la yo
Sòti lan mès ou sòti lan sinema
Se pou gade se pou rete dyòl lolo
A la bon peyi se ti Dayiti Toma!
Lè w lan peyi blan ou pa wè mango ni kòk di tou
Lanpwen sapoti ni bèl kayimit vèt ou vyolèt
Lanpwen zanana ni bèl ti pòm kajou
Ki ban nou bon nwa pou nou fè bon ti tablèt
Ou jwenn zoranj ki soti an Itali
Men qui fennen qui toujou mwatye pouri
An Ayiti sa si bon se koupe dwèt
E sou se rapò nou bay tout peyi payèt
Lè w lan peyi mwen kote ou pase tout lon chemen
Se bonjou kompè e makomè e pitit la yo?
Sa'n pa wè konsa manyen rentre ti bren
Pou'n bwa ti kichoy pou nou jwe de ti kout zo.
Fin bay lan men se rentre lan gran pale
Se politik se movèz sitiyasyon
Sa pou nou fè se pou nou pran li kou l ye
Men bon Dye si bon la ban nou benediksyon
Lè ou lan peyi blan ou pè promennen nwit tankou jou
Tout moun pè mache prese prese wa di se chen fou
Kote yo prale pouki yap kouri konsa?
Yo pè pèdi tan yo pa janm di: kouman sa?
Lan peyi mwen moun pa rete avek lè
Genyen libète ou gen tan pou pran frechè
Kote ou pase se bonjou se bay lan men
Moun pa janm prese yo koze tout lon chemen
Lè w an Ayiti ou pa janm manke tan pou soufle
Sak pa fèt jodi ou kap fè li demen si ou vle
Kan demen rive kel bon ou kel pa bon
Sa pa fè anyen tout moun konn di bon dye bon.
An Ayiti moun pa janm dezespere
Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti
Nap fè jodi kan demen pa asire
A la bon peyi o mon Dye, se Ayiti!Yon gwo AYIBOBO pou ou men m zanmi m ki vizite lakou sa pou pwan nouvèl zanmi lakay ak lòt bò dlo.

Retour à La Une de Logo Paperblog