Magazine

Gòl la

Publié le 26 novembre 2010 par Noug

Gòl laGòl la
Aysien nou mélé
Yon klas politik degrengòch k’ap maché tèt anba
Yo bliyé deviz la
Divizé sé mo dòd la
Nou pran nan pa konprann, nan pikan kwenna
Fòk nou sispann bwè pwa
Nou mélé !
Si’n pa véyé degrengòch n’a maché tèt anba
An’n éduké pèp la
Montre’l sa’k rélé vòt la
Lè w’ap chwazi, fò’w pa fè’l konsa konsa
Pou’w pa pran nan méra
A 1% w’di ke’w lidè pèp la
Padon, m’pa konprann kalkul matématik la
Si’m manti n’mèt al mandé "Fanm yo la"
Mesye a 1% nou pa la
Lajenès ap rélé
Ouvè zòrèy nou pou’n tandé son’k nan lari a
Nou maspinen lespwa’l (Nou lolo’l pou’n jwenn vwa’l)
Li gayé, li pèdi vwa’l
Li lè mesye pou’n vinn fè "mea culpa"
Sinon plas nou pa la
A si’m té rélé Beethova Obas
Mwen ta bat chalbari dèyè tout avadra
Si’m t’ap fè politik mwen ta di sa
"Mesye bliyé chèz la, al nan séna’a"
Ou byen al fè sinéma
A sa’k fè’m mal la, m’pa ka di’n li la
Pi devan m’pwal konn si sa’m tandé a sé sa
Men an pasan kité mwen di nou sa :
Se sou téren an pou’n maké gòl la
Baré gòl la
Maké gòl la
Ansanm n’ap maké gòl la
Beethova Obas
Extrait de l'album "Futur"
Sortie prévue : 12/2010


Retour à La Une de Logo Paperblog